|
|
| |
Nwit la
Nwit la baye nan bra m
Ki fin debraye
Sou mak dan
Danti DantòNwit la jwe bòlèt nèt ale
Li houke
Li pyafe
Li kente anba dra lomeyans ouKi sa jwèt bay
Ki sa kach kach liben bay
Ki sa grenadya bayOu mache
chak branch cheve w nan ren m
ou kouri
chak plent ou nan je m
ou koule
dlololo jouk nan zantray mwenki sa jwisans bay
Dènye rèl
Nan chimen trese
w a va detrese w
katrè dimaten
lanjelis sonnenLanmou deparye
lanmou fwonte
parye n pèdi pye
nou depeyizeM anvi di w
yon koze andaki
yon pawòl lave je
nan mitan tripotay bra wNan mitan bra w
mwen pa pale
mwen be be begeM anvi ra ra rakonte
plezi Sent Woz nan LeyoganM anvi kouri
kouri desann al kache
anba ti vant ou
pou lougawou w ka manje mM anvi monte
dèyè kay ou
pran yon kòd
pann tèt mwen nan bra wApre
W a va ranmase m
Ak vag lanmè ren w
jouk nou bout
nan yon bout
san bout
Les deux poèmes de Franz Benjamin, « Nwit la » et « Dènye rèl », ont été publiés pour la première fois dans son recueil, Valkanday (Montréal: Éditions Paroles, 2000). Ils sont reproduits sur « île en île » avec la permission de l'auteur.
© 2000 Franz Benjamin
tous droits réservés
retour en haut de page
Retour:
- Franz Benjamin - page de présentation
- littérature @ « île en île »
|
|
|
|
|
|
|
|